Leslie Voltaire
Leslie Voltaire|12月 20, 2025 18:38
Samdi 20 desanm 2025, mwen menm ansanm ak Edgar Leblanc Fils ak Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé te fè yon vizit nan Solino nan kad pwogram « Retou nan Katye yo». Objektif la klè : Leta retounen sou teren, Leta pran responsabilite poul, retabli lòd, diyite ak espwa pou popilasyon an. Pwogram nan klè : Leta ap aji, li kanpe fò bò kote pèp la e li pap kite okenn katye dèyè. Premye faz la deja mete baz sekirite ak òganizasyon. Dezyèm faz la nan wout, pou entansifye vizit sou teren ak preparasyon pou aksyon konkrè. Plizyè minis, tankou Raphaël Hosty ak Paul Antoine Bien-Aimé, te patisipe pou montre angajman gouvènman an pou rebati konfyans ant Leta ak sitwayen yo. Solino se senbòl retou Leta sou tout teritwa kote pèp la bezwen li plis toujou.(Leslie Voltaire)
Share To

HotFlash

APP

X

Telegram

Facebook

Reddit

CopyLink

Hot Reads